| Vandredi swa, lekòl lage |
| Fòk m al lan mache, al chèche kokoye |
| Si mwen pa jewnn, manman m ape joure m |
| Woy Jesika, fòk male tanpri lage m |
| Manman m vle fè on boutèy kremas |
| E ou konnen s on granmoun ki pès |
| Li vle m brase dlo kokoye a |
| Jouk li dous, jouk li pwès |
| Doudou m lan ou konnen m a vle kite |
| ou san m pa fè ou dous cheri |
| Gade lan pòch kanson Lòki, se la wa jwenn yon piwouli |
| Jesika kenbe piwouli a, li rale piwouli a |
| Li devlope piwouli a, li gade piwouli a |
| Li manyen piwouli a, li karese piwouli a |
| Li kontan piwouli a, li souse piwouli a |
| Sa l fè? Li souse piwouli a, woy piwouli a… |
| Madmwazèl lan, Ti cheri a, Boubout lan… |
| Lè a vanse, solèy desann |
| Fòk m al fè wout mwen, mezanmi mwen |
| pa ka tann |
| Si tout machann fèmen boutik |
| Woy Jesika, sitiyasyon m ap vin kritik |
| Fòk m al chèche on boutèy kleren, |
| lamé vle met tout moun lan wòy yo |
| Fòk m achte de twa mòso pen, aswè an |
| ap dòmi bò dlo |
| Cheri ou konnen sa k pa m se pa ou, |
| anba solèy anba lapli |
| Men aswè a kinnanm mwen an, sèl sa ki |
| pa m s on piwouli |
| Jesika kenbe piwouli a, li rale piwouli a |
| Li devlope piwouli a, li gade piwouli a |
| Li manyen piwouli a, li karese piwouli a |
| Li kontan piwouli a, li souse piwouli a |
| Sa l fè? Li souse piwouli a, woy piwouli a… |
| Jesika, Couboulout mwen an, |
| madmwazèl lan… |
| Siwèl vokal |
| Mezanmi gad longè on piwouli, gad gwosè on piwouli |
| Gad lagè on piwouli, gad jan l renmen |
| piwouli |
| Li gen lontan l pa wè piwouli, li bliye l |
| te dous konsa |
| Piwouli s a men, se la raj ooo |
| Li ka dire pase maryaj ooo |
| Li ka sikre pase on siwomyèl |
| S on bolewo anba tonèl |
| Pou ta fini l, fò w t a gen fyèl |
| li ban m yon sant koko chanèl |
| Li cho pase on te sitwonèl |
| Pa gen tankou l s on bèl siwèl |
| Bon jan siwèl |
| Ban m chenn pou m vire |
| Woooooooo… |
| Bidi bidi bidi bidi bidi m bi m bow |
| Zi m bidi m bi m bi m bow |
| Bidi m bi m bi zam bi im bow |
| Ba li zam banm bidi m bi m bi m bow |
| Konpa lòki s on kremas kape brase |
| S on koulèv k ap derape |
| Yon tchaka k ap brase ren l |
| S on mayimoulen k ap moulen |
| Yon labouyi k ap bouyi |
| S on akasan as bobori |
| S on sòspwa k ap woule sou on diri… |